Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Monday, August 22, 2011

Siklòn Irèn (Irene) Frape Pòto Rico: Li Supoze Frape Il Ispagnola (Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn)

Siklòn Irèn (Irene) Frape Pòto Rico: Li Supoze Frape Il Ispagnola (Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn)
Premye siklòn sezon an rele Irèn. Li s-on siklòn kategori 1. Li vini ak anpil lapli ak van ki kraze poto electrik ak kèk kay. Mwatye nan kay Pòto yo pa gen elektrisite. Otorite Pòtorikèn yo poko di si gen moun ki mouri.
Daprè anpil rapò meteyolojik, Irèn gen pou-l frape Repiblik dominikèn ak Repiblik Dayiti. Lè nou sonje gen plis de 600,000 Ayisyen ki pa gen kay pou pare fòs ak sekous siklòn nan, nou panse pral gen anpil moun k-ap mouri an Ayiti.
Antouka, otorite Ayisyèn yo ap demele yo pou distribye enfòmasyon epi bay moun abri pandan pasaj
siklòn nan. Moun ap monte desann. Y-ap fè pwovizyon. Y-ap achte flash ak manje. Moun ki gen lajan
ap fè sa, men gen anpil moun ki pa gen anyen. Yo pa gen kòb. Y-ap tann manje sinistre ke anpil
òganizasyon entènasyonal distribiye. Si gen siklòn, amplwaye òganizasyon sa yo pa ka sòti. Si yo soti, yo
pa ka ale lwen.
Antouka, n-ap gade pou-n wè ki kalite dega Irèn pral lakòz an Ayiti.
Antretan, Pòtoriken yo ap fè netwayaj nan peyi yo.

No comments:

Post a Comment