Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Friday, August 5, 2011

Nouvel Sezon Siklòn an Ayiti

Siklòn Emily Ap Frape Ayiti: Alèt Wouj Pou Tanpèt Twopikal, Lapli ak Inondasyon an Ayiti ak Repiblik Dominikèn
Moun k’ap viv nan tant ak joupa an Ayiti ap bay tèt yo traka paske siklòn Emili ap pwoche il Ispayola a. Sant Nasyonal k’ap veye siklòn nan Mayami di anpil lapli ap tonbe sou Ayiti ak Repiblik Dominikani. An Ayiti, lapli konsa ka koze anpil moun mouri.
Depi tranblemandetè ki ti kraze Pòtoprens ak anpil lòt viv ak kominote, moun ap viv nan tijoupa ke nenpòt gwo van ka bwote al jete nan ravin. Pi gwo pwoblèm Ayiti se kesyon lavalas. Mòn yo pa gen pyebwa pou bare dlo k’ap degrengole desann anba nan laplèn yo. Dlo ki soti mòn Boutilye ak tout lòt mòn ki antoure Ayiti pral kraze kay ak tant kominote entènasyonal la te bay Ayisyen. Inondasyon, lavalas vin tounen yon gwo pwoblèm preske pou tout peyi-a. Tout Ayisyen ap soufri konsekans debwazman tèt mòn yo.
Otorite Ayisyèn yo ap mande tout moun pou kite kote ki konn pran dlo yo. Pou evakye moun, Yo voye mesaj bay Ayisyen sou tèks epi telefòn selulè. Yo voye avèti yo.
Lapli kontinye tonbe sou pliziyè rejyon nan peyi. Rejyon Nò peyi-a tankou Atibonit, Kap Ayisyen, Plato Santral etsetera resevwa plizye santimèt lapli.
Sèvis Pwoteksyon Sivil Nasyonal fè yon bon travay pwoteje popilasyon sivil la.
Sanble ke pèp Ayisyen pran yon ti souf paske pa gen anpil dega ki rive fwa sa-a. Otorite prezante yon rapò de yon moun ki te blese.
An nou sonje ke sezon siklòn nan, ki te kòmanse nan mwa jen, ap fini nan fen novanm.

No comments:

Post a Comment