Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Monday, August 22, 2011

Siklòn Irèn (Irene) Frape Pòto Rico: Li Supoze Frape Il Ispagnola (Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn)

Siklòn Irèn (Irene) Frape Pòto Rico: Li Supoze Frape Il Ispagnola (Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn)
Premye siklòn sezon an rele Irèn. Li s-on siklòn kategori 1. Li vini ak anpil lapli ak van ki kraze poto electrik ak kèk kay. Mwatye nan kay Pòto yo pa gen elektrisite. Otorite Pòtorikèn yo poko di si gen moun ki mouri.
Daprè anpil rapò meteyolojik, Irèn gen pou-l frape Repiblik dominikèn ak Repiblik Dayiti. Lè nou sonje gen plis de 600,000 Ayisyen ki pa gen kay pou pare fòs ak sekous siklòn nan, nou panse pral gen anpil moun k-ap mouri an Ayiti.
Antouka, otorite Ayisyèn yo ap demele yo pou distribye enfòmasyon epi bay moun abri pandan pasaj
siklòn nan. Moun ap monte desann. Y-ap fè pwovizyon. Y-ap achte flash ak manje. Moun ki gen lajan
ap fè sa, men gen anpil moun ki pa gen anyen. Yo pa gen kòb. Y-ap tann manje sinistre ke anpil
òganizasyon entènasyonal distribiye. Si gen siklòn, amplwaye òganizasyon sa yo pa ka sòti. Si yo soti, yo
pa ka ale lwen.
Antouka, n-ap gade pou-n wè ki kalite dega Irèn pral lakòz an Ayiti.
Antretan, Pòtoriken yo ap fè netwayaj nan peyi yo.

Friday, August 5, 2011

Nouvel Sezon Siklòn an Ayiti

Siklòn Emily Ap Frape Ayiti: Alèt Wouj Pou Tanpèt Twopikal, Lapli ak Inondasyon an Ayiti ak Repiblik Dominikèn
Moun k’ap viv nan tant ak joupa an Ayiti ap bay tèt yo traka paske siklòn Emili ap pwoche il Ispayola a. Sant Nasyonal k’ap veye siklòn nan Mayami di anpil lapli ap tonbe sou Ayiti ak Repiblik Dominikani. An Ayiti, lapli konsa ka koze anpil moun mouri.
Depi tranblemandetè ki ti kraze Pòtoprens ak anpil lòt viv ak kominote, moun ap viv nan tijoupa ke nenpòt gwo van ka bwote al jete nan ravin. Pi gwo pwoblèm Ayiti se kesyon lavalas. Mòn yo pa gen pyebwa pou bare dlo k’ap degrengole desann anba nan laplèn yo. Dlo ki soti mòn Boutilye ak tout lòt mòn ki antoure Ayiti pral kraze kay ak tant kominote entènasyonal la te bay Ayisyen. Inondasyon, lavalas vin tounen yon gwo pwoblèm preske pou tout peyi-a. Tout Ayisyen ap soufri konsekans debwazman tèt mòn yo.
Otorite Ayisyèn yo ap mande tout moun pou kite kote ki konn pran dlo yo. Pou evakye moun, Yo voye mesaj bay Ayisyen sou tèks epi telefòn selulè. Yo voye avèti yo.
Lapli kontinye tonbe sou pliziyè rejyon nan peyi. Rejyon Nò peyi-a tankou Atibonit, Kap Ayisyen, Plato Santral etsetera resevwa plizye santimèt lapli.
Sèvis Pwoteksyon Sivil Nasyonal fè yon bon travay pwoteje popilasyon sivil la.
Sanble ke pèp Ayisyen pran yon ti souf paske pa gen anpil dega ki rive fwa sa-a. Otorite prezante yon rapò de yon moun ki te blese.
An nou sonje ke sezon siklòn nan, ki te kòmanse nan mwa jen, ap fini nan fen novanm.

Learn Haitian Creole and English with HaitianCreoleMP3.libsyn.com: Free Excerpt Download from "Quick Haitian Creole Grammar Reference"



This is just a sample of the excerpt from the textbook, "Quick Haitian Creole Grammar Reference: Ann Pale Kreyol Chak Jou - Let's Learn Haitian Creole Every Day" which can be found right on Amazon Kindleand Barnes and Noble Nook Book.

The excerpt is from pages 180-186

Find the rest of this episode on http://newwaveselfpublishing.blogspot.com, http://newwavepublishing.blogspot.com,http://kreyolpalekreyolkonprann.blogspot.com, and http://childrenscreolebooks.blogspot.com

Addendum #2: Dyalòg ak Vokabulè

Dyalòg ak Vokabulè

Toma ak Titonton rankontre – Toma and Titonton met

Toma: Bonjou, Titonton. Ki jan ou ye jodi-a? (Hello, Titonton. How are you today ?)

Titonton: M’ byen. E ou menm? Ban-m nouvèl papa ou ? (I’m fine. And you ? How is your father?)

Toma : M byen wi. Papa-m pa gaya (I am fine. My father is not well. He is ill)

Titonton: Ki jan Marimat ye? Eske l’ap demele-l? (How is Marimat? Is she getting along?)

Toma: Marimat byen wi. L’ap kenbe (Marimat is fine. She is getting along)

Titonton: Sa fè lontan nou pa wè. S’ak pase ? (We have not seen each other for a long time. What’s up?

Toma: Monchè, m’ap boule (my dear, I am managing)

Titonton: Bon, monchè, ban-m nouvèl mennaj ou a ? (Okay, dear, how about your girlfriend ? )

Toma : Nou te kraze sa (We had a breakup or we broke up)

Titonton: Depi kilè ou pa ansanm avèk li ? (How long have you not been with her ?)

Toma: Ou enterese nan li? (Are you interested in her?)

Titonton: M pa menm konn non-l, non. Ki jan’ l rele ankò? (I do not even know her name. What’s her name?)

Toma: Li rele Jaklin. (Her name is Jaklin)

Titonton: An Kreyòl, se Jaklin. An fransè, se Jacqueline. (In Creole, it’s Jaklin. In French, it’s Jacqueline)

Toma : Monchè, kite-m kraze rak / Kite-m ale ! (my dear friend, let me take leave of you. Let me go!”

Titonton: Oke Toma. N’a wè mwa pwochen si Bon Dye vle. (See you next month, God willing !)

Toma: Oke. N’a wè nan inivèsite-a (Right. See you at the university).

Additional Haitian Creole Expressions and Explanations:

M’ap kenbe – I’m getting along

M’ap boule – I am managing

Mwen la / m la – I’m okay

M pa pi mal - I am no worse

M byen – I am fine


Wi – yes
Non – no
Explanations of Wi and Non in a sentence:
Use “Wi – yes” with positive declaration sentences. Non is used with negative declarative sentences.
Exercises – Egzèsis:
Ki sa? What ? Sa ? what?
Ki sa sa-a ye? What is this ?
Sa ou pral fè lavil? (What are you going to do downtown ?)
Sa ou ap chache la-a? (What are you looking for here ?)
Sa ou bezwen? Sa w bezwen? Ki sa ou bezwen? (What do you need ?)
Ki sa ou fè lè ou malad ? What do you do when you get sick ?
M-al nan dispansè-a / I go to the healthy station.
Repete – Repeat
Ki sa sa-a ye?
Se yon zeguy – It is a needle
Ki sa sa-a ye?
Se yon mato – It is a hammer
Eske gen yon tibokit sou sab la? Is there a pale on the sand ?

Ki kote? Kote? Ki bò? Where?
Ki kote ou travay? Where?
Ki kote ou ap travay? Ki bò ou ap travay ? Where are you working ?
M’ap travay nan izin nan – I am working in the factory
Ki kote ou prale? – Where are you going?
M pral legliz (church)
M pral nan mache (market)
M pral Pòtoprens (Port-au-Prince
M pral anba lavil (downtown)
M pral lapòs (Post office)
M pral lekòl (school)
M pral danse nan rara (popular music and dance)
M pral nan kanaval (carnival)
M pral Fòlibète – I am going to Fort Liberté
M pral Kap Ayisyen. Kap Ayisyen nan nò peyi dayiti
Ki kote lèkay ye? Lèkay nan sid peyi a
Ki kote Jakmèl ye?
Ki kote Gonayiv ye?
Ki bò Jeremi ye?

Ki sa ou pral fè lavil ?
M pral voye yon lèt ak yon kasèt bay manman-m k’ap viv Nouyòk ( I am going to send a letter and a casette tape to my mother who is living in New York)
M pran nan mache Fè pou-m sa achte materyèl lekòl pou timoun yo (I am going to the Iron Market to buy school supplies for the kids)
Nòt Kreyol: Translation of the Preposition “To” indicating motion to a place:
Kreyòl uses “Nan” before the noun indicating the place to express motion to a place. Also, keep in mind that nouns that refer to specified, unique places usually do not need the definite article. For example, I am going to church – M pral legliz; I am going to school – M pral lekòl.
Ki kote konpè Jak prale? Where brother Jak going ?
Li pral travay nan jaden li - He is going to work in his garden.
Poukisa – Why?
Poukisa tout timoun sa yo ap mache yonn dèyè lòt konsa? Y-ap mache an fil endyen – Why are all these kids walking in line like this ?
Se yon pwosesyon. Gen yon mès nan legliz katolik la – It is a procession. There is a mass at the catholic church.
Pè-a pral bay lamès – The priest is going to preside over the mass
Ki moun ki / Ki moun - Who
Ki moun ki pral Kanada? Who is going to Canada?
Ki moun ou vle envite nan fèt ou a ? Whom do you want to invite to your party ?
Ki moun ki vle ede-m? Who wants to help me?
Ki moun ki konn danse ? Who knows how to dance ?
Eske ou konnen yon moun ki konn pale alman? (Do you know somebody who knows German ?)
Ki moun ki pale fransè nan legliz la ? Who speaks French in church ?
Pa gen moun ki pale fransè ak alman nan legliz la – There is nobody who speaks French and German in the church
Possessive in Creole
Whose is it? Se pou ki moun?
(Belonging to, pertaining to, indicating possession)
Bato sa-a se pou Jan. Se bato Jan.
Se rad Tipapa. Rad sa-a se pou Tipapa
Notes / Nòt: An easy way to understand and express possession in Haitian Creole is to have the noun referring to what is owned followed by the name of the owner. If a pronoun follows a noun, it is used as a possessive adjective.
Examples: Se lajan/kòb Delòm. Se kòb li – (It’s Delòm’s money. It is his money)
Se chokola Manno ak Wobè. Se chokola yo – It is Manno and Robert’s chocolate. It is their chocolate.
Se vwazin Terèz – Se vwazin li – She is Teresa’s neighbor. She is her neighbor
Se liv Joslen. Se liv li – It is Jocelyn’s book. It is his.
Se mallet Jisten. Se malèt li – It is Justin’s suitcase. It is his suitcase.
Konbyen? – How much / How many?
Konbyen rad ou wè nan chanm nan? - How many pieces of cloth do you see in the room ?
M wè yon chemiz (shirt), yon pè pantalon (pants), yon mayo (t-shirt), yon pè soulye (a pair of shoes), de pè sapat (a pair of thongs), yon kravat (tie), de jip (skirt) yon pè chosèt (socks), yon pè tenis (a pair of tennis shoes) epi yon ba (stockings)
Other forms of possession: Asking questions
Pou ki moun kay sa yo ye? Poukiyès kay sa yo ye? Whose are those houses?
Pou ki moun plim sa-a ye? Poukiyès plim sa-a ye? Whose is this pen?
Pou ki moun kreyon sa-a ye? Poukiyès kreyon sa-a ye? Whose is this pencil?

Sa yo se kay leta (kay gouvènman) – These are government houses /buidings
Pouki moun plaj sa yo ye? Poukiyès plaj sa yo ye? Se plaj prive
Whose are these beaches? They are private beaches
********************************
Eske ou gen yon bagay? Do you have anything (something)?
Non. M pa gen anyen – No, I do not have anything