Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Wednesday, March 23, 2011

Ayiti Òganize Eleksyon Prezidansyèl San Pwoblèm: Michel Martely oswa Mirlande Manigat Pral Vin Prezidan Ayiti

Dimanch pase, Ayisyen al vote san pwoblèm.  Yo rive nan yon tan kote yo wè ke yo supoze mete zafè eleksyon an dèyè do yo.  Kandida prezidansyèl yo, Michel Martely ak Mirlande Manigat, t-ap eseye ankouraje patizan yo juska ladènyè minit.  Anpil votè kite kay yo pou vote pou kandida yo.  Patizan ansyen prezidan Aristide ki retounen nan peyi a aprè-l fin pase setan an Afrik dusud t-al vote tou.  

Ayisyen montre ke yo ka òganize eleksyon san tèt chaje, san traka. Se yon sign demokrasi ap kòmanse an Ayiti.   

Kounye-a tout moun ap ret tann pou yo wè kilès nan de kandida yo pral vin prezidan Ayiti.  Moun pa ka ret tann rezulta yo. 

Friday, March 18, 2011

Jean Bertrand Aristide, "Titid" Nan Wout Pou-l Tounen an Ayiti: Patizan-l Yo Ap Ret Tann Ni

Ansyen Prezidan Aristide na wout pou-l tounen an Ayiti aprè-l fin pase anviwon setan (7 ane) an egzil an Afrik disid.  Fanmi li ak zanmi akonpagne-l.  Li pase Dakar, Senegal.  Li pale konsa, "Tout pèp Ayisyen kontan kounye-a. Yo kontan paske yo aprann n-ap tounen..."

Ansyen Prezidan an ap rive an Ayiti dezoutwa jou anvan eleksyon ant Madan Manigat (Mirland Manigat) and chantè Michel Martelly.  Tout patizan Titid yo ap ret tann lidè yo chwazi yonn nan kandida yo.  Kèlkeswa kandida li chwazi a, li gen anpil chans pou-l gen laviktwa nan eleksyon yo.  Malgre li pase toutan sa yo an Afrik disid, Ansyen Prezidan Titid toujou populè pami moun pov an Ayiti.


Antouka, tout moun ap rete tann Aristide an Ayiti.  Anpil moun t-ap di, "Si diktatè Jean Claude Duvalier ka tounen an Ayiti san pwoblèm, Aristide ka retounen tou."

Tuesday, March 15, 2011

Charlie Sheen pral vizite Ayiti: Sean Penn ap Mennen Charlie Sheen An Ayiti

Sean Penn se bon zanmi Charlie Sheen, aktè Ameriken, ki te sou pwogram "Two and a Half Men."  Charlie tonbe gen pwoblèm ak CBS.  Aprè aktè-a fin bay entèvyou sou ABC, NBC epi kèk pwogram radyo, CBS kase-l.

Charlie Sheen gen yon program sou Entènèt kounye-a.  Li di sa-al vle sou pwogram li.  Petèt Charlie Sheen pral vizite Japon aprè-l fin vizite Ayiti.


Nou swete Charlie Sheen fè menm jan ak zanmi-l Sean Penn.  Oubyen li deside rete nan mitan kan an an Ayiti oswa li deside pale nan non moun sa yo k-ap soufri.

Monday, March 14, 2011

Quick Haitian Creole Grammar Reference

This new book, <a href="http://haitiancreolemp3.libsyn.com">“The Definitive Quick Haitian Creole Grammar Reference”</a> is designed to give beginning and intermediate learners of Haitian Creole an easy-to-use guide and sure foundation in the basic grammar,cultural relevance, phonology, context, and vocabulary of the language. It can be used by individuals who are working in the field and wanting to communicate with Haitians. In other words, it will focus mostly on interpersonal communication needs. It will make use of the most commonly used expressions, proverbs, phrases, exercises, notes, grammar explanations, and situational dialogues to expose you to the Haitian language and culture.
Some of the lessons will include topics related to church, construction of schools, health centers, homes, schools, tales,games, toys, fables, laundry, farming, travel etc.
Familiarize yourself with the sound of Haitian Creole by going to this free podcast: HaitianCreoleMP3.Libsyn.com.