Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Sunday, April 26, 2015

Nepal ap soufri anba yon gwo sekous

Plis 2500 moun mouri nan tranblemanntè ki frape Nepal, yon peyi an Azi ayè. Moun te kapab santi tranbleman Nepal ak pati End ki kole ak Nepal. Goudougoudou se jan Ayisyen rele manman tranblemanntè ki te touye anpil Ayisyen an Janvye 2010. Kounye a goudougoudou frape Nepal.

Sòlda Endyen ak anpil lòt peyi tankou Etazini, Japon, Chin etsetera ap rive bay koudmen. Yo pote bagay pou ede moun k’ap viv nan lari tèlman yo pè rete anndan ka yo. Manm yon Ekip Alman ki te fè bon travay an Ayiti gentan rive Nepal tou. Yo pral chache sove moun ki kole anba kay ak bildin.

Sòlda Chinwa ki bon pou sove moun ki pran nan traka konsa pran yon vòl pou ale Nepal. Y’ap pote chen ki konn chache moun ki kole anba bildin ki tonbe sou yo. Kathmandu va bezwen anpil èd pou yo rekonstwi tout kay ak bildin ki kraze anba tranblemanntè sa a. Prèt Bouda yo ap priye pou seyism sa a ka kanpe. Toupatou moun ap boule kò viktim yo selon tradisyon yo. Fanmi yo ap kriye.