Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Wednesday, October 31, 2012

Nouvèl Sandi an Kreyòl, Sandi Detwi Nouyòk ak Noujèze (Sandy Storm in New York and New Jersey)

Madi, 30 oktòb 2012, Nouyòk, Etazini: Bilan Siklòn Sandi nan Nouyòk, Noujèze, Statten Island, Hoboken, Breezy Point elatriye - (Sandy’s Toll on New York, New Jersey and Other Areas etc.)

Siklòn Sandi frape lavil Nouyòk tankou Siklòn Katrina ki te detwi Nouvèl Orleyan. Aprè Sandi fin pase, Nouyòk pa menm jan ankò. Sandi kite dlo toupatou. Gen inondasyon tout kote ou pase. Nou ka jwenn machine sou do kay. Lanm lanmè anvayi kay moun. Machin ap flote nan dlo lanmè sitou nan Manhattan. Tren estasyon yo anba dlo. Nou ka jwenn dlo toupatou Nouyòk. Sandi koze lamò plis 90 moun. Dlo koze inonde anpil garaj taksi. Machin taksi jon yo rete nan mitan dlo larivyè k-ap koule nan lari. Nouyòk ak Noujèze tounen tankou yon kote ki t-ap fè lagè. Se yon gwo katastwòf natirèl.

Si tèlman gen dlo toupatou, moun koke laka yo. Yo pa ka soti al nan travay. Yo pa ka soti al nan lari. Yo di ke bilan dega Sandi koze ap depase 20 bilyon dola. Gen biznis ki p-ap sove si yo pa-t gen asurans. Gen kèk konpayi asurans ki p-ap ka rete nan biznis. Timoun pa ka al lekòl. Menm lopital Nouyòk te sipoze voye malad ak timoun nan lòt lopital. Sa-k pi rèd la se pèt kouran elektrik. Li fè nwa toupatou. Dezas toupatou. Ri Nouyòk yo ki tou foul ak moun vin tounen tankou yon dezè. Madi 30 Oktòb te yon bon jou pou chofè taksi. You pran pasaje ki t-ap kouri kite Kwins (Queens) ak tout lòt kote ki te anba dlo yo tankou Hoboken, Breezy Point pou al chache refij anwo lavil Nouyòk ki te gen limyè. FEMA anplwaye t-ap siveye tout dega inondasyon yo koze. FEMA se branch federal gòvènman ki reponn ak kalite dega konsa. Se yon sistèm jeneral ki ede moun. Konsa, amplwaye FEMA pral itilize tout resous gouvènman federal yo pou pote sekou. Prezidan Obama gentan deklare tout zòn ki inonde yo zòn ki sipoze resevwa èd an ijans. Madi tout jounen, travayè konpayi elektrik yo t-ap fann toupatou pou yo eseye repare kouran elektrik. Nou tande bri si ki t-ap koupe bwa ki tonbe sou kay ak nan lari. Majistra Bloomberg di ke vil Nouyòk pa-t bati pou sipòte kantite dega dlo ka koze. Kounye-a, otorite yo ap enveztige enfrastrikti ki anba tè oswa anba anpil beton. Moun sipoze foubi tout bildin ki anba dlo yo pou retire sèl lanm lanmè yo depose sou yo. Si yo pa fè sa byen, pral gen dega pi devan. Sèl kowode nenpòt estrikti.

Papa ak manman pitit mete de men nan tèt. Y-ap rele anmwe paske yo pa konnen ki sa yo pral fè pou pran swen pitit yo. Biznis yo anba dlo. Gen sab toupatou. Menm waf yo kraze. Dlo bwote kay al depoze byen lwen fondasyon yo. Gen mèt kay k-ap tounen pou konstate sab ki pran fondasyon kay yo. Yo p-ap wè menm yo ti poto kay yo. Sandi se yon tanpèt ki anraje. Tout moun pral sibi konsekans Sandi. Depi moun k-ap travay sou Wall Street jouk moun k-ap travay lakay moun Nouyòk, pral gen konsekans ekonomik. Gen anpil moun ki pral pèdi travay yo. Pral gen anpil djòb tou nèf tou. Pral gen travay nan konstriksyon. Sandi va gen yon enpak sou eleksyon prezidansyèl la tou. Gen votè ki p-ap ka al vote kote yo te konn vote yo. Bildin sa yo pa la ankò. Yo detwi oswa yo anba dlo.

Avyon pa-t ka ateri oswa dekole. Anpil avyon rete nan eta oswa peyi kote yo te ye yo. Touris ak vwayajè yo te kole nan ayewopò /èpòt yo. Ayewopò La Guardia ouvri pòt yo ankò avèk limit nan sèvis yo ka rann.

Yè, Gouvènè Noujèze a, Chris Christie ki se yon Repibliken, fè louwanj pou Prezidan Obama. Li di ke prezidan an te sou telefòn avèk li a minwi. Li mande-l pou-l deklare Noujèze yon majè zòn dega. A dezèdimaten, Gouvènè Christie anonse ke FEMA anplwaye poze-l kèk kesyon. Aprèsa, Noujèze te deklare yon zòn dega. Konsa li di Prezidan te fè yon travay. “Barak Obama vin bon zanmi li.” Li di Prezidan kolabore ak li. “Prezidan an te yon moun. Li merite kredi pou jan li fè travay li.”

Gouvènè a anonse ke kesyon politik pa enterese-l nan yon sitiyasyon konsa. “Nou panse m-ap bay tèt mwen pwoblèm sou zafè politik? Sa pa konsène-m. M gen yon travay pou-m fè nan Noujèze. M gen pi gwo pwason pou-m fri.”

Christie se sipriz oktòb la. Mitt Romney ak Ryan pa-t atann yon siklòn tankou Sandi. Chris Christie pran randevou ak Prezidan Barack Obama pou yo vizite Noujèze ansanm Mèkredi, 31 Oktòb 2012. Sandi foure kò-l nan politik Ozetazini. “Prezidan Obama merite kredi. L-ap fè yon bon travay. Li rele-m a minwi yèswa,” Gouvènè a anonse sou televizyon ak radyo.

San travay, moun ki te konn voye lajan bay fanmi yo nan peyi etranje pa-p ka fè sa pandan yon bon bout tan. Yo rele lajan k-al nan peyi etranje ‘remittances’ bò isit. Anpil moun ak peyi depann de kòb sa a. Nouyòk se sèvo finans lemonn. Si gen pwoblèm sou Wall Street, gen repèkisyon nan lemonn antye.

Restoran fèmen. Magazen fèmen. Lekòl fèmen. Moun ap tann limyè. Yo pa ka pale sou telefòn paske pa gen kouran. Yo aprann lapòs gen yon generatè elektrik. Yo kouri al pran chaje telefòn yo. Bèl moun, model ret chita lakay yo oswa nan biwo yo. Yo pa ka mache nan lari yo si yo pa gen machine militè. Se sèl machin k-ap chache moun pou sove yo. Otorite ap bay nouvèl detanzantan. Nouyòk tounen tankou nenpòt vil ki nan yon peyi soudevlope. Epoutan, se yon vil ki gen tout bagay. Lè vil la demare ankò, li va pwoteje tèt li kon tanpèt konsa.

No comments:

Post a Comment