Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Sunday, November 17, 2013

Move Tan Frape Tacloban, Filipin; Anpil Moun Mouri

Foto ki soti nan peyi Filipin montre kantite dega ki fèt nan Tacloban, Cebu epi tout lokalite ki bò lanmè. Repòtè di ke siklò-n sa touye anpil moun, plis ke 10 mil moun mouri nan Tacloban ak lòt lokalite. Anviron onz milyon moun ap sibi anba atak manman siklò-n sa-a. Moun ki sove oblije kite Tacloban. Pa gen anyen ki ka kenbe yo la. Prèske tout bagay detwi. Pa gen dlo. Pa gen manje. Pa gen anyen ki sove siklò-n nan. Moun grangou anpil. Finalman èd ki soti nan peyi etranje kòmanse rive. Men tèlman gen moun ki abite lwen nan mò-n, pa tout moun ki ka jwenn èd sa-a. Gouvènman Ameriken an voye dezoutwa gwo bato pou sove moun epi ba yo swen. Anpil lòt gouvènman etranje ale Filipin tou. Lè yo rive la, yo wè ak de grenn je ki kantite dega ki te fèt. Siklò-n nan frape Filipin le 8 Novanm 2013. Move tan kontinye tou patou. Le 17 Novanm 2013, gen yon move tan ki frape Etazini tou. Moun Ilinòy, Wachintonn ak lòt eta ki tou pre sibi anpil pèt tou. Menm moun mouri tou. Yo pèdi kay yo.

No comments:

Post a Comment