Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Sunday, February 22, 2015

NouvelKreyol.blogspot.com ap Prezante Nouvel Kanaval 2015 - News on 2015 Haitian Carnival, Accident, and Cancellation

Haitian News: 2015 Carnival News, Kanaval Ayisyen an 2015 - Kanaval la Anile akoz de Aksidan Cha a

Mardi Gras / Madigra, Katastwòf ak Panik nan Kanaval Flè ak Woz 2015 an Ayiti

Ayiti Anile Kanaval 2015 lan Aprè 18 moun te mouri ak plis de 78 lòt moun te blese sou trajedi cha a

Sujè Konvèsasyon ak Dyalòg an Ayiti epi Atravè Lemond

Anvan nou kòmanse pale de aksidan sa-a, ann eksplike ki sa yon cha ye. Ayisyen ki pale Fransè ak Kreyòl rele’l yon char. Yon cha pa yon [ ‘chat,’ cat in English]. Yon cha se yon ‘float in English. O non. Yon cha se tankou yon gwo kamyon byen wo ki pote gwo aparèrèy mizikal tankou tout enstriman, opalè ke gwoup mizikal va bezwen pou’l anime oswa pete tenpan moun k’ap koute oswa ekspektatè yo ki kanpe sou tout bò kote’l oubyen sou bò wout la. Sa vle di cha a pote non sèlman manm gwoup la, li pote envite espesyal ak zanmi gwoup la tou. Si ou pa yon bèl fanm ki gen kontak ak manm gwoup la, ou pa’p jwenn yon plas sou cha a daprè anpil fanm ki antre patisipe nan konkou pou genyen yon plas.

Fantom Barikad Crew pran nan Kouran sou cha-a. Yon kab elektrik touche’l epi elektrokite’l. Men li sove! Dram sa-a, trajedi sa-a te rive sou cha gwoup mizikal ki rele Barikad Crew sou bò Channmas pandan dezyèm jou Kanaval nasyonal 2015 lan. Chantè gwoup Barikad Crew a ki rele ‘Fantom’ te frape yon kab kouran electric ki gen tansyon mwayèn. Anpil moun ap pale sou otè kab elektrik yo pa rapò ak otè cha yo nan epòk kanaval pou detèmine ki kote cha yo dwe pase. Aprè aksidan an te fin rive le 17 fevriye 2015, Premye Minis Evans Paul deklare yon peryòd dèy nasyonal, kòmanse Mèkredi rive jouk Samdi 21 Fevriye 2015. Samdi se te jou funeray nasyonal pou moun ki te mouri yo. Yon vèy ap òganize nan memwa moun sa yo ki te viktim trajedi sa a. Se vre s’ak te rive a se te yon aksidan. Men, èske se pa yon aksidan ke responsab kavanal yo ak otorite yo pa’t ka evite?

Trajedi sa-a rive aprè cha gwoup Barikad Crew a ki t’ap pote fanatik ak manm group yo te pase anba yon fil elektrik ki te ba anpil. Si ou gade otè cha yo pandan dènye ane yo, se tankou cha yo nan konkou pou wè kilès k’ap pi gwo epi pi wo. Chak ane, ou ka wè, yon seri cha byen wo. Bann nan te fèk fin pase devan Prezidan Michel Martelly ki t’ap gade gwo manman fèt ak selebrasyon sa yo. Yo di bann nan te sou wout estad foutbòl la. Li te rive tou prè otèl plaza lè fil elektrik kòmanse atake, elektrokite fanatik yo. Menm lè sa-a tou, deblozay pete. Moun t’ap kouri toupatou sou moun. Fanatik panike. Yo menm rive pyetine s’ak te tonbe yo. Se te reyèlman yon trajedi pou kraze moun anba pye bò Channmas.

Men kisa moun ap di sou yon bon 3 jou kanaval an Ayiti