Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Saturday, August 25, 2012

Apple Bat Samsung : Apple's Victory Over Samsung (Tim Cook's Letter in Haitian Creole and English Versions)

“Jodi a se yon jou ki enpòtan anpil pou Apple ak tout envantè toupatou nan lemond

Anpil nan nou t-ap swiv pwosè kont Samsung nan San Jose, Calif. pandan semèn pase yo. Nou te chwazi aksyon legal aprè nou reflechi anpil, aprè nou kontinye mande Samsung pou-l sispann kopye travay nou. Pou nou, pwosè sa-a te toujou sou yon bagay ki pi enpòtan pase patant ak lajan. Se yon kesyon de valè. Nou valorize orijinalite ak inovasyon. Nou mete tèt nou ansanm pou nou fabrike pi bon pwodwi sou latè. Nou fè sa pou nou ka bay klyan nou bon jan plezi. Men nou pa fè sa pou pèmèt konpetitè nou kopye travay nou.

Nou vle remèsye manm jiri yo ki envesti tan yo pou yo koute istwa nou. Nou te kontan anpil dèske nou te gen opòtinite rakonte istwa pa nou. Montay evidans kite prezante pandan pwosè a montre sa Samsung kopye a ale pi fon pase sa nou te konnen. Manm jiri yo pale. Nou aplodi yo paske yo trouve konpòtman Samsung te desizyon pa yo pou yo kopye sa nou fabrike. Manm jiri yo voye yon gwo mesaj ki byen klè ke li pa bon pou vòlè ditou.

M fyè de travay ke nou chak fè isitla.

Jodi a valè ranpòte viktwa sou moun k-ap vòlò. M swete tout lemon ap koute.

Tim

(Translated by Joseph J. Charles, MS, Writer, Podcaster, and Language ebook Author)


Tim Cook wrote after his company's victory against Samsung in San Jose, CA:

"Today was an important day for Apple and for innovators everywhere.

Many of you have been closely following the trial against Samsung in San Jose for the past few weeks. We chose legal action very reluctantly and only after repeatedly asking Samsung to stop copying our work. For us this lawsuit has always been about something much more important than patents or money. It’s about values. We value originality and innovation and pour our lives into making the best products on earth. And we do this to delight our customers, not for competitors to flagrantly copy.

We owe a debt of gratitude to the jury who invested their time in listening to our story. We were thrilled to finally have the opportunity to tell it. The mountain of evidence presented during the trial showed that Samsung’s copying went far deeper than we knew.

The jury has now spoken. We applaud them for finding Samsung’s behavior willful and for sending a loud and clear message that stealing isn’t right.

I am very proud of the work that each of you do.

Today, values have won and I hope the whole world listens.

Tim"

Siklòn Izarak (Isaac) Pase Lèkay, An Ayiti: Inondasyon, Wòch, Labou Toupatou

Samdi, 25 Out 2012. Les Cayes (Lèkay), Haiti: Siklòn Izarak (Isaac) Pase Lèkay, An Ayiti: Inondasyon, Wòch, Labou Toupatou

Tout moun t-ap tann gwo dega, deblozay Siklòn Izarak ta pral koze an Ayiti. Li frape Lèkay (Les Cayes) byen fò. Anpil lapli tonbe Okay. Wout koupe. Pyebwa tonbe. Rivyè desann epi yo bwote tout kalite debri al jete nan lanmè ak laplèn pwovens lan. Moun kòmanse soti lakay yo pou konstate destriksyon yo.

Siklòn Izarak konsantre plis sou Okay. Men lapli ak gwo van frape Pòtoprens tou. Fatra, wòch, ak dlo sou tout wout Pòtoprens. Sonje ke gen anpil moun k-ap viv nan joupa, anba tapi, nan sitiyasyon byen delika nan Pòtoprens aprè tranblemandetè ki te souke vil la an Janvye 2010. Si fòs siklòn nan te konsantre plis sou Pòtoprens, t-ap gen anpil pèt de vi ak pwopriyete.

Siklòn Izarak sou wout li pou-l ale nan Repiblik Dominikèn, Pòto Riko ak Florid kote Repibliken yo pral òganize konferans yo semèn pwochèn. Gen inondasyon nan Repiblik Dominikèn tou. Otorite ak Gouvènman Ayisyen yo rale moun sot nan kounouk kay yo, joupa yo. Yo fòse yo kite kay yo anvan siklòn nan rive. Moun yo pa vle kite ti sa yo gen nan kay sa yo. Kou otorite yo pati, you tounen lakay yo.

Nou pòkò (poko) gen nouvèl moun ki mouri oubyen ki blese anba siklòn Izarak. N-ap tann enfòmasyon nan men zanmi nou yo k-ap viv nan sid peyi dAyiti. Sa nou konnen sèke gen anpil pèt materyèl. Moun pèdi danre, bèt ak kay yo. Tè yo te konn travay kouvri ak dlo kounye a.

N-ap kontinye antre an kontak avèk kèk misyonè ak zanmi NouvèlKreyòl nan lavil Okay pou nou ka aprann dega siklòn nan fè.

Dènyè Nouvèl – Mise à Jour – Updates – Puesta al Día

Pou kounye a, nou aprann gen twa moun ki mouri an Ayiti. Yon manman ak pitit li mouri nan Souvnans pandan pasaj siklòn. Nan Tomazo, gen yon tifi ki mouri aprè yon mi sot tonbe sou li.

Nan Site Solèy, moun ap kraze rak. S-ak ka pote matela, rad ak lòt bagay enpòtan pote yo sou tèt ak po do yo. Rivyè Grive debòde. Li voye anpil dlo sal ak fatra al kraze Site Solèy. Moun ap pase anpil mizè. Granmoun kou timoun pa ka dòmi paske kay yo inonde. Dlo a ba yo jouk anba kou yo.

Dimanch 26 Out 2012: Dimanch 26 Out 2012: Dènyè Nouvèl – Mise à Jour /Les Dernières Nouvelles – Updates – Puesta al Día

Men sa kòrespondan nou yo di nou sou pasaj siklòn nan an Ayiti.

Yo enfòme ke se pa de ti lapli ki pa tonbe sou peyi a. Rivyè monte. Dlo desann, bwote moun, kay ak bèt. Otorite gouvènman Ayisyen yo enfòme ke yon jennòm mouri aprè yon rivyè nan nò peyi a bwote. Li t-ap eseye janbe rivyè s-a. Nan sid peyi dAyiti, espesyalman nan Marigo, yon fanm pèdi lavi-l aprè yon pyebwa sot tonbe sou kay li. Se li sèl ki te mouri.

Yon manm biwo pwoteksyon sivil ayisyen, Joseph Edgard Celestin, di ke gen plis pase yon douzèn kay ak joupa ki kraze. Anpil lòt kay pèdi tòl ak panno. Siklòn nan depatcha yo. Aprè yon eleman fin pèdi kay li, li kouri al chache sekou sou yon pyebwa nan lakou-l. Avèk gwo van ki t-ap vante, li pa-t ka kenbe kò-l. Pandan li t-ap kabicha, li sot tonbe sou pyebwa a. Li mouri. Gen plizyè moun ki blese avèk fèy tòl, klou, moso bwa ki t-ap vole toupatou.

Ayiti se yon peyi pòv ki toujou gen pwoblèm inondasyon ak gwo labou. Sa-k fè sa se paske moun fin koupe pyebwa sou mòn yo pou fè chabon yo vann pou kwit manje. Lè lapli tonbe, dlo lapli bwote bon tè oubyen tè ke kiltivatè itilize pou pwodwi danre – al jete nan laplèn oswa nan lanmè. Ayiti bezwen replante pyebwa sou tèt mòn yo.

Sunday, August 19, 2012

Pamela White Ranplase Kenneth Merten Tankou Nouvo Anbasadè an Ayiti / New US Ambassador in Haiti: Pamela White

Pamela White Ranplase Kenneth Merten Tankou Nouvo Anbasadè an Ayiti

Pamela di ke li pare pou-l al ankouraje kreyasyon travay an Ayiti. Li ajoute ke san yon bon ekonomi, pa ka gen bon jan chanjman de baz an Ayiti. Konsa, li vle travay men nan lamen avèk prezidan Martelly ak premye minis li pou envite mèt biznis pou al envesti an Ayiti. Ayiti bezwen plis faktori, plis otèl ak plis touris.

Anbasadè Pamela di ke li gen entansyon apiye gouvènman Martelly a nan efò l-ap fè pou devlope peyi Dayiti. Pamela White rekonèt ke dyaspora Ayisyen an gen yon gwo wol pou-l jwe nan developman peyi a tou. Yo gen ekspètiz nan anpil domèn ki ka kontribye nan avansman Ayiti. Konsa, li envite tout Ayisyen toupatou pou yo panse avèk pey .

Pamela White pwomèt pou-l koze ak tout Ayisyen. Menm si li pa pale Kreyòl tankou ansyen anbasadè Kenneth Merten, li va toujou gen yon entèprèt avèk li. Ayisyen pral gen chans pou yo di-l sa yo vle. Pandan sejou li an Ayiti, li va gen opòtinite pou-l aprann Kreyòl tou. Li menm di ke li dispoze al pase kèk nwit anba tant avèk Ayisyen pou-l ka soufri sa y-ap soufri.

Daprè depatman deta ameriken, diplomat ameriken an gen entasyon pou-l vwayaje toupatou nan peyi a pou-l ka wè bezwen peyi a avèk de je pa-l. Nou di bòn chans a Pamela White an Ayiti!

Learn Haitian Creole in One Week - Aprendan el Creole Haitiano Dentro de una Semana

Quick Haitian Creole Grammar Reference

How Do You Say ‘This’ in Haitian Creole? - Ki Jan Nou Di ‘Sa’ an Kreyòl?

Easy Haitian Creole and French Expressions and Phrases for English Speakers

Aprendan el Creole Haitiano Hoy - Learn Haitian Creole Today - Aprann Kreyol Jodi-a


Learn French MP3 Dialogues - Dialogues Français MP3 – French Lesson MP3 Conversations – Free French MP3 Di...