Haiti's Relief Fund: Hurricane and Quake Fundraiser

You can email us at HelpHaitiQuake@Gmail.com

Donate whatever amount you can

NouvèlKreyol: Nouvèl  Ayiti An Kreyol, Noticias de Criollo, Haitian Creole News

↑ Grab this Headline Animator

UrbanbooksPublishing: UrbanbooksPress, UrbanBooks ePress, Fiction, Non-Fiction, and Media

↑ Grab this Headline Animator


UrbaneBooksPublishing: Top Kindle eBooks, Hot PubIt eBooks, SmashBooks.com eBooks Platform

↑ Grab this Headline Animator

AprenderKreyolHaitiano:Let's Learn Haitian Kreyol, Aprendamos el Criollo Haitiano Gratis

Friday, January 27, 2012

Gwo lopital pral ouvri nan Mirbalè, Ayiti

Gwo lopital pral ouvri nan Mirbalè, Ayiti
Pandan vakans 2012, Otorite Ayisyèn ak Zanmi Lasante (Partners in Health) pral inogire yon gwo lopital nan Mirbalè.
Lopital la pral sèvi tankou yon baz kote doktè ak enfimyè ka resevwa antrènman. Lopital la pral prepare enfimyè ak doktè ki ka itilize nouvo aparèy pou analize epi geri moun ki malad. Lopital ap gen 320 kabann. L-ap gen panel ki bay epi itilize kouran ki soti nan solèy.
Daprè Paul Farmer, Ayiti bezwen yon lopital konsa. Li ajoute ke s-on bon jan pou itilize èd entènasyonal ke anpil peyi te pwomèt Ayiti aprè tranblemandetè-a.
Anpil moun ak òganizasyon Amerikèn kontribye pou konstwi lopital sa-a.
Lopital Mirbalè a pral yon sant fòmasyon ak ansèyman kote anpi enfimyè Ayisyèn ka pran diplòm yo. Etidyan medsin ka pran kou nan menm bildin nan. Doktè ka fè entèna yo la tou.
Sa-a se gwo nouvèl! Se bon bagay!

No comments:

Post a Comment